Deuteronomy 33:10
Y'a moutre pitit Jakòb yo regleman ou yo. Y'a moutre pitit Izrayèl yo lalwa ou la. Y'a boule lansan devan ou, y'a ofri sou lòtèl bèt yo touye pou boule nèt pou ou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 30:7Arawon va boule lansan bon sant sou li chak maten lè l'ap netwaye lanp yo.
Leviticus 1:13Moun k'ap fè ofrann lan va lave tripay yo ak pye dèyè yo nan dlo. Apre sa, prèt yo va ofri yo bay Seyè a. Konsa l'a boule tout ofrann lan nèt sou lotèl la. Se sa yo rele yon ofrann bèt ou boule pou Seyè a, yon ofrann ou boule nèt nan dife epi k'ap fè Seyè a plezi ak bon sant li.
Leviticus 9:12Apre sa, Arawon touye bèt li te ofri pou boule nèt pou Seyè a. Pitit li yo pote san an ba li, li vide l' sou lotèl la ak tout arebò lotèl la.
Numbers 16:40pou sa sèvi yon avètisman pou moun pèp Izrayèl yo, pou yo konnen moun ki pa fè pati fanmi Arawon an pa gen dwa pwoche devan lotèl Seyè a pou boule lansan. Si yo fè sa, sa ki rive Kore ak moun li yo, se sa k'ap rive moun sa yo tou. Tou sa pase konsa vre dapre lòd Seyè a te bay Moyiz pou Eleaza.
Deuteronomy 17:9n' aval jwenn prèt yo, moun Lèvi yo, ak jij ki de sèvis lè sa a, n'a espoze ka a ba yo. Yo menm y'a di nou ki jan pou nou rann jijman an.
Deuteronomy 27:14Moun Levi yo va pale ak pèp la, y'a rele byen fò pou tout moun ka tande: