Deuteronomy 34:1
Moyiz kite plenn Moab yo, li moute sou mòn Nebo a, sou tèt mòn Pisga a ki anfas lavil Jeriko a. Antan li la, Seyè a fè l' wè tout peyi a, depi zòn Galarad la rive jouk pòsyon tè ki pou Dann lan,
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 14:14Lè Abram vin konnen yo te fè neve l' la prizonye, li sanble tout domestik ki te fèt lakay li yo epi ki te konn goumen. Li pran twasandizwit (0318) antou. Epi li file dèyè wa yo jouk lavil Dann.
Numbers 23:14Balak pran Balaram, li mennen l' nan jaden Santinèl yo, sou tèt mòn Pisga. Lè l' rive la, li bati sèt lotèl. Epi li touye yon jenn ti towo bèf ak yon belye mouton sou chak lotèl pou Bondye.
Numbers 32:33Se konsa Moyiz pran tout peyi Amori ki te pou wa Siyon, ak peyi Bazan ki te pou wa Og, avèk tout lavil ki nan limit fwontyè peyi yo, li bay moun fanmi Gad yo, moun fanmi Woubenn yo ak mwatye moun ki nan fanmi Manase, pitit gason Jozèf la.
Deuteronomy 3:27Moute sou tèt mòn Pisga a. Antan ou la, w'a voye je ou, w'a gade sou bò nò, sou bò sid, sou bò solèy kouche ak sou bò solèy leve. Louvri je ou. Gade byen, paske ou p'ap janm mete pwent pye ou lòt bò larivyè Jouden an.
Deuteronomy 32:52Se poutèt sa, w'a rete byen lwen, w'a wè peyi mwen pral bay moun pèp Izrayèl yo anba nan pye ou. Men ou menm, ou p'ap mete pye ou ladan l'.
Joshua 19:47Men, moun branch fanmi Dann yo kite lòt moun pran peyi a nan men yo. Se konsa, yo moute al atake lavil Lechèm. Yo anvayi lavil la, yo touye tout moun ki te rete ladan l'. Yo pran lavil la pou yo, yo rete ladan l'. Epi yo chanje non l'. Yo pa rele l' Lechèm ankò. Yo ba li non zansèt yo, yo rele l' Dann.