Deuteronomy 4:45
Men kòmandman, lòd ak prensip Moyiz te ba yo apre yo te fin soti kite peyi Lejip.
Bib La
In The King James Version
In Context
44Men lalwa Moyiz te mete devan moun pèp Izrayèl yo.
Cross References
Deuteronomy 4:1Apre sa, Moyiz di pèp la: -Koulye a, nou menm pèp Izrayèl, se pou nou kenbe tout lòd ak tout prensip mwen te moutre nou yo. Se pou nou mache dapre lòd sa yo pou nou ka viv, pou nou ka antre nan peyi Seyè a, Bondye zansèt nou yo, ap ban nou an.
Deuteronomy 6:20Yon jou, lè pitit nou yo va mande nou poukisa Seyè a, Bondye nou an, mande nou pou nou swiv tout lòd, tout prensip ak tout kòmandman sa yo,
Psalms 119:2Ala bon sa bon pou moun ki kenbe prensip li yo, pou moun k'ap chache obeyi l' ak tout kè yo!
Psalms 119:7M'a fè lwanj ou avèk yon konsyans ki pwòp, lè m' aprann tou sa ou deside nan jistis ou.
Psalms 119:22Pa kite yo joure m', pa kite yo meprize m', paske mwen te kenbe prensip ou yo.
Psalms 119:111Prensip ou yo se byen m' pou tout tan, se yo ki fè kè m' kontan.