Deuteronomy 6:15
Paske Seyè a, Bondye ki rete nan mitan nou an, se yon Bondye ki fè jalouzi anpil. Si nou fè sa, l'a fache sou nou, l'a disparèt nou nèt sou latè.
Bib La
In The King James Version
In Context
14Pa kouri dèyè lòt bondye. Piga n' al sèvi bondye pèp k'ap viv toupre nou yo.
16Piga nou sonde Seyè a, Bondye nou an, jan nou te fè l' bò Masa a.
Cross References
Exodus 20:5Piga nou adore yo, ni piga nou sèvi yo. Paske mwen menm, Seyè a, Bondye nou an, mwen se yon Bondye ki fè jalouzi. Lè yon moun rayi m', mwen fè pitit li, pitit pitit li ak pitit pitit pitit li yo peye sa.
Numbers 32:10Jou sa a, Seyè a te move anpil sou yo. Li sèmante, li di konsa:
Deuteronomy 4:24Paske Seyè a, Bondye nou an, se yon Bondye ki fè jalouzi anpil, li tankou yon dife k'ap boule tout bagay kote l' pase.
Deuteronomy 7:4Paske y'a pran tèt pitit gason nou yo, y'a fè yo vire do ban mwen pou y' al sèvi lòt bondye. Si nou fè sa, Bondye va fache sou nou, l'a disparèt nou la pou la.
Joshua 23:12Si nou vire do bay Bondye, si n' al mete tèt nou ansanm ak rès moun lòt nasyon sa yo k'ap viv nan mitan nou, si nou marye ak yo, si nou nan antre soti avèk yo,
1 Kings 13:34Se konsa, tout fanmi Jewoboram lan lage kò yo nan fè sa ki mal. Se poutèt sa, tout fanmi sa a fini, li disparèt nèt sou latè.