Deuteronomy 7:15
Seyè a p'ap kite ankenn maladi tonbe sou nou. Li p'ap janm voye sou nou move epidemi nou te wè ki te tonbe sou moun peyi Lejip yo. L'ap kite sa pou tout moun ki pa vle wè nou yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 15:26Li di yo: -Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an. Si nou koute m' lè m' pale nou, si nou fè tout sa ki dwat devan mwen, si nou louvri zòrèy nou pou swiv kòmandman mwen yo, pou nou kenbe lòd mwen ban nou, mwen p'ap voye malè sou nou, jan mwen te fè moun peyi Lejip yo. Se mwen menm, Seyè a, k'ap geri nou.
Deuteronomy 28:27Seyè a va fè bouton leve sou tout kò nou, menm jan li te fè moun peyi Lejip yo, n'a gen apse, lagal, pyas, epi nou p'ap ka jwenn gerizon pou maladi po sa yo.
Psalms 91:10okenn malè p'ap rive ou, okenn mechan p'ap ka pwoche bò kot kay ou.