The Bible Software
bible.software › Deuteronomy › Deuteronomy 7 › Deuteronomy 7:9

Deuteronomy 7:9

Se pou nou rekonèt Seyè a, Bondye nou an, se sèl Bondye ki genyen, sèl Bondye k'ap toujou kenbe pawòl li. Wi, l'ap toujou kenbe kontra li pase a. L'ap toujou renmen moun ki renmen l', moun ki fè tou sa l' mande yo fè, de pitit an pitit, pandan mil jenerasyon.

Bib La

In The King James Version

Know therefore that the LORD thy God, he is God, the faithful God, which keepeth covenant and mercy with them that love him and keep his commandments to a thousand generations;

In Context

8Men, se paske Seyè a te renmen nou, epi li te vle kenbe pwomès li te fè zansèt nou yo. Se poutèt sa li delivre nou avèk fòs ponyèt li. Li fè nou soti kite peyi Lejip kote nou te tounen esklav la. Li wete nou anba pouvwa farawon an.

10Men, li p'ap manke pini moun ki rayi l'. Se moun sa yo menm l'ap touye, pa lòt moun ankò. Wi, li p'ap pran reta pou l' fè yo peye sa yo fè a.

Read all of Deuteronomy 7

Cross References

Genesis 17:7M'ap kenbe kontra m' lan avè ou, avèk tout ras ou. De pitit an pitit, se va yon kontra k'ap la pou tout tan. Se mwen k'ap Bondye ou, se mwen k'ap Bondye pitit pitit ou yo tou.

Exodus 34:6Seyè a pase devan Moyiz, li pale byen fò, li di: -Seyè a, Seyè a se yon Bondye ki gen pitye pou moun, yon Bondye ki gen bon kè. Li pa fè kòlè fasil, li p'ap janm sispann renmen, l'ap toujou kenbe pawòl li.

Deuteronomy 4:39Bon. Koulye a, konprann sa byen. Pa janm bliye se Seyè a ki Bondye anwo nan syèl la ak isit la sou latè. Wi, se li menm, pa gen lòt.

Deuteronomy 32:39Se mwen menm, mwen menm sèl ki Bondye. Pa gen lòt bondye pase mwen menm. Mwen bay lavi, mwen pran lavi jan m' vle. Lè mwen bay maladi, se mwen ki pou bay gerizon. Pa gen moun ki ka delivre pesonn anba men mwen.

1 Kings 8:23li di: -Seyè, ou menm ki Bondye pèp Izrayèl la, pa gen Bondye tankou ou ni nan syèl ni sou latè. Ou kenbe kontra ou te pase ak pèp ou a. Ou moutre jan ou renmen moun k'ap sèvi ou ak tout kè yo.

Nehemiah 1:5Mwen di: -Aa, Seyè, Bondye ki nan syèl la, ou se yon Bondye ki gen pouvwa, yon Bondye ki fè moun gen krentif pou ou. Ou kenbe pawòl ou te bay nan kontra ou la. Ou toujou gen pitye pou moun ki renmen ou, pou moun ki swiv lòd ou yo.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Deuteronomy 7:9

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Deuteronomy 7:8Deuteronomy 7Deuteronomy 7:10 →