Deuteronomy 9:15
Mwen desann soti nan mòn lan ki te plen flanm dife: mwen te gen de wòch kontra yo nan men m'.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 19:18Tout mòn Sinayi a te kouvri nèt ak lafimen, paske Seyè a te desann sou li nan mitan yon gwo dife. Lafimen t'ap moute tankou nan yon fou lacho. Tout mòn lan t'ap tranble avèk fòs.
Deuteronomy 4:11N'a di yo ki jan nou te pwoche bò pye mòn lan. Lè sa a, gwo flanm dife t'ap soti sou mòn lan, yo t'ap moute byen wo nan syèl la.
Hebrews 12:18Nou pa t' pwoche bò kot yon bagay nou ka manyen tankou pèp Izrayèl la ki te pwoche bò kot Mòn Sinayi a. Sou mòn sa a te gen yon gwo dife ansanm ak yon fènwa ki pa t' piti, te gen yon bann bagay tou pou fè moun pè. Yon gwo van tanpèt t'ap soufle sou mòn lan.