Deuteronomy 9:9
Mwen te moute sou mòn lan pou m' te al resevwa de wòch plat yo, wòch ki te gen kontra Seyè a te fè ak nou an ekri sou yo. Mwen rete la, mwen pase karant jou, karant nwit, san manje, san bwè anyen sou mòn lan.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 24:15Moyiz moute sou mòn lan, epi nwaj kouvri mòn lan nèt.
Exodus 31:18Lè Seyè a te fin pale konsa ak Moyiz sou mòn Sinayi a, li ba li de ròch plat kote li te ekri kontra a ak pròp men li.
Exodus 34:28Moyiz te rete la avèk Seyè a pandan karant jou karant nwit. Li pase tout jou sa yo san manje san bwè. Li te ekri tout pawòl kontra a sou ròch plat yo. Se te dis kòmandman yo.
Deuteronomy 9:18Apre sa, mwen lage kò m' fas atè devan Seyè a. Tankou premye fwa a, mwen pase karant jou ak karant nwit, san manje, san bwè anyen. Tou sa, paske nou te fè sa ki mal devan Seyè a, nou pa t' fè l' plezi, nou te fè l' fache anpil.
1 Kings 19:8Eli leve, li manje, li bwè. Manje a ba li kont fòs kouraj pou li mache pandan karant jou, karant nwit jouk li rive sou mòn Orèb, mòn Bondye a.
Jeremiah 31:31Seyè a di ankò: Lè a pral rive, mwen pral pase yon lòt kontra avèk moun peyi Izrayèl yo ansanm ak moun peyi Jida yo.