Ecclesiastes 1:14
Mwen wè tou sa k'ap fèt sou latè. Anyen pa vo anyen! Anyen pa rapòte anyen.
Bib La
In The King James Version
In Context
15Ou pa ka drese sa ki fin kwochi. Ou pa ka konte sa ou pa genyen.
Cross References
Psalms 39:5(039:6) Gade, mwen konte jou ki rete m' pou m' viv yo sou dwèt mwen. Lavi m' tankou anyen devan ou. Wi, tout moun ki vivan, se tankou lafimen yo ye.
Ecclesiastes 2:11Apre sa, mwen kalkile sou tou sa m' te fè ak men m', sou tout traka mwen te bay kò m' pou m' te fè yo. Enben! Mwen jwenn sa pa t' vo anyen. Anyen pa rapòte anyen. Konsa, pa gen ankenn pwofi pou tou sa ou fè sou latè beni.
Ecclesiastes 2:26Bondye bay moun ki fè l' plezi bon konprann, konesans ak kè kontan. Konsa tou, li fè mechan yo travay fè lajan sere pou l' ka bay moun ki fè l' plezi. La tou, sa pa vo anyen. Sa pa rapòte anyen.
Ecclesiastes 4:4Mwen vin wè tout travay di lèzòm ap travay di a, tout bèl bagay y'ap reyalize nan lavi a, se paske yonn vle gen plis pase lòt. Men, sa tou, sa pa vo anyen, sa pa rapòte anyen.
Ecclesiastes 4:16Ou pa ka konte kantite moun yon wa ka gouvènen, kantite moun yon wa ka dirije. Men lè l' mouri, pesonn p'ap chonje di l' mèsi pou sa li te fè pou yo. Tou sa pa vo anyen. Sa pa rapòte anyen.
Ecclesiastes 12:8Lavi pa vo anyen. Lavi pa sèvi anyen. Filozòf la di: Anyen pa vo anyen.