Ecclesiastes 10:14
Moun sòt renmen pale anpil. Pesonn pa konnen sa k'ap rive denmen. Pesonn pa ka di nou sa k'ap rive apre nou mouri.
Bib La
In The King James Version
In Context
13Lè yo konmanse pale, se betiz y'ap di. Men lè y'ap fini, se pawòl moun fou nèt y'ap di.
15Moun sòt touye tèt li nan travay, li bliye chimen kay li.
Cross References
Job 34:37Li fin fè kont peche l', koulye a l'ap kenbe tèt ak Bondye. L'ap seye fè nou konprann li pa antò. L'ap plede fè Bondye remontrans.
Proverbs 10:19Plis ou pale anpil, plis ou ka rive fè peche. Lè ou gen bonjan konprann ou kenbe bouch ou fèmen.
Ecclesiastes 3:22Konsa, mwen wè pa gen pi bon bagay yon moun ka fè sou latè pase jwi sa travay li rapòte l'. Se sèlman sa li ka fè. Epitou, ki moun k'ap fè l' tounen pou l' ka konnen sa k'ap rive apre li fin mouri?
Ecclesiastes 6:12Ki moun ki konnen sa ki bon pou yon moun k'ap mennen yon lavi ki pa vo anyen, yon lavi k'ap pase tankou yon nwaj, pandan de twa jou l'ap pase sou tè a? Ki moun ki ka fè lèzòm konnen sa ki gen pou rive sou latè apre y'a fin mouri?
Ezekiel 35:13Mwen te tande ak zòrèy mwen jan nou te derespekte m', jan nou pa t' manke pale m' mal.