Ecclesiastes 11:5
Menm jan ou pa konnen ni kote van an soti ni kote li prale, menm jan an tou ou pa konnen ki jan zo timoun fè fòme nan vant fanm ansent. Se konsa tou ou pa ka konprann travay Bondye, li menm ki fè tout bagay.
Bib La
In The King James Version
In Context
4Si w'ap gade sou van, ou p'ap janm plante. Si w'ap gade sou nwaj, ou p'ap janm ranmase rekòt.
Cross References
Job 5:9Se li menm ki fè yon bann bèl bagay nou pa ka fin konprann, yon dal mèvèy nou pa ka fin konte.
Job 26:14Sa se yon ti kal nan tou sa li fè. Se sa ase ki resi rive nan zòrèy nou! Men, ki moun ki ka konnen tou sa Bondye fè?
Job 37:23Nou pa ka pwoche bò kote Bondye ki gen tout pouvwa a. Li sèl gwo chèf, li sèl jij, li pa nan patipri. Li p'ap kondannen yon moun ki inonsan.
Psalms 40:5(040:6) Seyè, Bondye mwen, ou te fè anpil bèl mèvèy pou nou, ou te fè anpil lide pou nou. Pa gen tankou ou, Seyè! Mwen ta renmen fè moun konnen yo, mwen ta renmen pale sou yo. Men, yo sitèlman anpil, mwen pa ka rakonte yo.
Psalms 104:24Seyè, ou fè anpil bagay! Ou fè yo avèk bon konprann. Latè plen ak bagay ou fè.
Ecclesiastes 1:6Van an soufle soti nan nò desann nan sid. Apre sa, li vire soti nan sid moute nan nò. Konsa, l'ap vire tounen nan menm chemen an san rete.