Ecclesiastes 11:6
Nan maten, plante jaden ou. Aswè rive, plante jaden ou ankò. Ou pa janm konnen kilès nan de yo ap bay plis rannman. Ou pa janm konnen si tou de p'ap pran, si tou de p'ap bay menm rannman.
Bib La
In The King James Version
In Context
7Ala bon bagay se fè klè! Sa bon nèt lè ou wè solèy.
Cross References
Ecclesiastes 9:10Tou sa ou jwenn pou ou fè, fè l' ak tout fòs ou. Paske, kote ou prale a, nan peyi kote mò yo ye a, nanpwen travay pou ou fè, pa gen lide ki pou mache nan tèt ou, pa gen konesans, pa gen bon konprann.
Hosea 10:12Mwen te di yo: Kenbe kè nou nan kondisyon pou nou sèvi Bondye. Fè sa ki dwat devan Bondye. Konsa n'a rekòlte benediksyon m'ap ban nou paske n'ap sèvi m' ak tout kè nou. Fè bwa nèf. Wi, li lè pou nou tounen vin jwenn mwen. M'a vini, m'a vide benediksyon sou nou tankou lapli.
Haggai 2:17Mwen voye lawouy ak lagrèl gate tou sa nou te plante ak men nou. Mwen fè yo kanni. Men, nou yonn pa tounen vin jwenn mwen. Se Seyè a ki di sa.
Mark 4:26Li di yo ankò: -Men ki jan sa ye nan Peyi kote Bondye Wa a. Se tankou yon nonm ki simen grenn nan jaden li.
Acts 11:20Lè sa a, kèk disip ki te moun Chip ak moun Sirèn al lavil Antiòch. Antan yo la a, yo pale ak moun Lagrès yo; yo fè yo konnen bon nouvèl ki pale sou Jezi Seyè a.
2 Corinthians 9:6Chonje sa byen: Moun ki simen ti kras va rekòlte ti kras. Moun ki simen anpil va rekòlte anpil.