Ecclesiastes 11:8
Di Bondye mèsi pou chak lanne li mete sou lavi ou. Ou te mèt viv lontan, pa bliye tan ou pral pase lè ou fin mouri a long anpil. Tou sa ki vin apre pa vo anyen.
Bib La
In The King James Version
In Context
7Ala bon bagay se fè klè! Sa bon nèt lè ou wè solèy.
Cross References
Job 10:21Talè konsa mwen prale pou m' pa janm tounen. Mwen prale nan peyi kote ki fè nwa a, kote moun pè a,
Job 14:10Men moun, depi yo mouri, yo tounen kadav. Lè yo kase kòd, ou pa wè kote yo fè.
Job 15:23Y'ap kouri adwat agoch, y'ap chache manje. Yo konnen wè pa wè y'ap pran yo.
Psalms 49:20(049:21) Yon moun te mèt grannèg kou l' grannèg, si li pa gen konprann, li tankou zannimo y'ap mennen labatwa.
Ecclesiastes 2:15Mwen di nan kè mwen: Sa ki rive moun fou yo ap rive m' tou. Nan kondisyon sa a, sa m' te bezwen gen tout konprann sa yo? Kisa sa ap pwofite m'? Mwen di nan kè m': Sa a tou, sa pa vo anyen!
Ecclesiastes 2:19Se ka yon moun lespri, se ka yon moun sòt. Pesonn pa konnen. Men, se pou li m'ap kite tou sa mwen te travay di fè ak lespri mwen. Sa a ankò, sa pa vo anyen.