The Bible Software
bible.software › Ecclesiastes › Ecclesiastes 12 › Ecclesiastes 12:5

Ecclesiastes 12:5

W'ap pè moute sou bagay ki twò wo pou ou pa gen tèt vire. Menm mache nan granchemen ap yon danje pou ou. Tout cheve nan tèt ou ap vin blan, w'ap pèdi fòs kouray ou. Pa gen anyen ki ka fè l' tounen ankò. W'ap desann nan dènye kay kote ou pral rete pou tou tan an. Lè sa a, moun ap mache rele nan tout lari.

Bib La

In The King James Version

Also when they shall be afraid of that which is high, and fears shall be in the way, and the almond tree shall flourish, and the grasshopper shall be a burden, and desire shall fail: because man goeth to his long home, and the mourners go about the streets:

In Context

4De twou zòrèy ou yo ap bouche, ou p'ap tande sa k'ap pase nan lari. Ata gwo bri moulen ki toupre ou la, w'a tande l' tou piti piti. Moun te mèt ap chante bò kote ou, w'ap tande vwa yo lwen lwen. Lè sa a, depi pipirit konmanse chante, nou gen tan leve.

6Wi, pa janm bliye Bondye ki fè ou la anvan ti chenn an ajan an detache sot tonbe, anvan bòl an lò a tonbe kraze, anvan kalbas dlo a kraze miyèt moso, anvan so a kase.

Read all of Ecclesiastes 12

Cross References

Genesis 44:29Jòdi a, si nou pran sa a nan men m', si yon malè rive l', avèk tout laj sa ki sou tèt mwen an, mwen p'ap ka sipòte lapenn sa a, chagren va touye m'.

Genesis 50:3Yo pran karant jou pou pare kadav la jan yo konn fè l' la. Apre sa, moun peyi Lejip yo pase swasanndi jou ap kriye pou li.

Job 15:10Se nan bouch granmoun lontan, granmoun cheve blan ki pi gran pase papa ou nou pran tout konesans pa nou.

Job 30:23Wi, mwen konnen byen pwòp w'ap mennen m' pou m' al mouri, pou m' al sibi sò k'ap tann tout moun lan.

Psalms 71:18Koulye a mwen fin vye granmoun, tout cheve nan tèt mwen fin blan. Tanpri, Bondye, pa lage m'. Kanpe la avè m' pou m' ka fè moun k'ap viv koulye a konnen jan ou gen fòs, pou m' ka fè tout moun ki gen pou vin apre yo konnen jan ou vanyan,

Proverbs 20:29Se kouraj ki fè valè yon jenn gason. Men, pou granmoun, se cheve blan l' yo ki fè valè l'.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Ecclesiastes 12:5

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Ecclesiastes 12:4Ecclesiastes 12Ecclesiastes 12:6 →