Ecclesiastes 2:23
Ou pase tout lavi ou nan lapenn, nan chagren. Menm lannwit lespri ou ap travay. Sa a tou, sa pa sèvi ou anyen.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Esther 6:1Menm jou lannwit sa a, wa a pa t' ka dòmi. Li fè yo pote achiv gouvènman kote yo te ekri tou sa ki te pase nan peyi a nan tan lontan. Li fè yo li ladan l' pou li.
Job 7:13M' te di nan kè m': M' pral lage kò m' yon kote. M'a pran yon ti kanpo. Si m' dòmi, m'a jwenn yon ti soulajman!
Psalms 6:6(06:7) Se fini m'ap fini afòs m'ap kriye. Lannwit, kabann mwen mouye nèt afòs jè m' kouri dlo.
Psalms 77:2(077:3) Lè mwen nan tray, mwen lapriyè nan pye Seyè a. Tout lannwit m'ap lapriyè san rete, mwen pa ka jwenn konsolasyon.
Psalms 90:15Koulye a fè kè nou kontan pou menm kantite jou ou te ban nou lapenn, pou menm kantite lanne nou pase nan mizè.
Ecclesiastes 1:18Paske plis ou gen konprann, se plis ou nan tèt chaje. Plis ou konnen, se plis ou soufri.