Ecclesiastes 5:18
Men sa mwen jwenn ankò: Pi bon bagay yon moun ka fè sou latè, se manje, se bwè, se jwi sa li travay di fè a, pandan de twa jou Bondye ba li pou li viv la. Men, se sa ase ki pou yon moun nan lavi.
Bib La
In The King James Version
In Context
17Sa ki pi rèd la, nou pase tout lavi nou nan fènwa, nan lapenn, nan kè sere, nan maladi, nan fè kòlè.
Cross References
Ecclesiastes 2:24Pi bon bagay yon moun ka fè, se manje, se bwè, se jwi sa travay ou rapòte ou. Men la tou, mwen wè sa se travay Bondye.
Ecclesiastes 3:13Tout moun fèt pou yo manje, pou yo bwè, pou yo jwi sa travay yo rapòte yo. Sa se kado Bondye ba yo.
Ecclesiastes 6:2Bondye bay yon moun richès, pozisyon, byen, lwanj. Wi, Bondye ba li tou sa li bezwen san manke yonn. Men Bondye pa kite l' jwi yo. Se yon etranje k'ap jwi yo pito. Tou sa pa vo anyen. Se bagay ki rèd anpil.
Ecclesiastes 9:7Ale non, monchè, manje manje ou ak kè kontan, bwè diven ou san kè sote. Bondye deja dakò ak tou sa w'ap fè.
Jeremiah 52:34Chak jou, wa a ba li sa li te bezwen pou l' viv, konsa, konsa, jouk li mouri.