Ecclesiastes 6:10
Tou sa ki rive, depi lontan yo konnen li te la pou rive. Nou deja konnen sa yon moun ye. Li pa ka nan kenbe tèt ak moun ki pi fò pase l'.
Bib La
In The King James Version
In Context
11Plis ou nan pale anpil, plis se tan ou w'ap pèdi. Kisa sa ap rapòte ou?
Cross References
Genesis 3:17Apre sa li di Adan. Ou koute pawòl madanm ou, pa vre! Ou manje fwi pyebwa mwen te ba ou lòd pa manje a. Poutèt sa ou fè a, m'ap madichonnen tè a. W'a gen pou travay di toutan pou fè tè a bay sa ou bezwen pou viv.
Job 9:32Men, Bondye pa yon moun tankou m'. M' pa ka diskite avè l'. Nou pa ka al lajistis.
Job 33:13Poukisa w'ap chache Bondye kont konsa? Se paske li pa reponn lè w'ap plenyen nan pye l'?
Psalms 39:6(039:7) Lèzòm ap pwonmennen sou tè a tankou lonbray. Se pou gremesi y'ap bat kò yo. Y'ap anpile richès sou richès, yo pa konnen ki moun k'ap vin jwi yo.
Psalms 103:15Lèzòm menm, lavi yo tankou zèb. Yo grandi, yo fleri tankou flè savann.
Ecclesiastes 1:10Menm lè nou di: Gade! Men yon bagay ki nèf, bagay la te la deja depi nan tan lontan anvan nou te fèt.