Ecclesiastes 6:3
Yon nonm te mèt gen san (0100) pitit, li te mèt viv lontan, wi li te mèt rive vye granmoun, si li pa jwi anyen nan lavi, si yo pa ka fè bèl lantèman pou li, enben, mwen di nou: Yon timoun ki fèt tou mouri miyò pase l'.
Bib La
In The King James Version
In Context
4Paske ti pitit la fèt, men sa pa sèvi l' anyen. Li disparèt lamenm. Ata non l' yo pa gen tan konnen.
Cross References
Genesis 47:9Jakòb reponn li: -Mwen gen santrantan (0130 an) depi m'ap moute desann sou latè. Men, mwen poko prèt pou m' rive laj zansèt mwen yo te rive lè yo t'ap fè moute desann pa yo. Mwen pa gen anpil laj, se vre. Men, mwen pa manke bat mizè.
2 Kings 9:35Men, lè mesye yo ale pou antere l' yo pa jwenn anyen pase zo bwa tèt li, de pye l' ak de pla men l' yo.
1 Chronicles 28:5Koulye a, Seyè a te ban mwen anpil pitit. Men, nan tout pitit sa yo li chwazi Salomon pou chita sou fotèy la pou gouvènen pèp Izrayèl la ak pouvwa l'ap ba li.
Esther 5:11Aman konmanse pale devan yo, li di yo jan li rich, jan li gen lajan, konbe pitit gason li genyen, jan wa a te moute l' grad, li te mete l' chèf anwo tout lòt chèf ak tout lòt moun k'ap sèvi nan gouvenman an.
Esther 9:14Wa a bay lòd pou yo fè sa vre. Yo fè piblikasyon nan tout lavil Souz, epi yo pann kadav dis pitit gason Aman yo sou plas piblik.
Job 3:16Ou ankò, mwen ta tankou yon timoun ki fèt anvan tèm, tankou timoun ki fèt tou mouri.