Ecclesiastes 8:14
Men tou sa se pawòl anlè. Gade sa k'ap pase sou latè: Gen moun ki mache dwat ki resevwa pinisyon mechan yo. Gen mechan ki resevwa rekonpans moun ki mache dwat yo. Mwen di tou sa pa vo anyen.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Job 1:22Malgre tout malè sa yo ki te rive l', Jòb pa t' fè ankenn peche, ni li pa janm di sa li pa t' dwe di sou Bondye.
Job 21:7Poukisa Bondye kite mechan yo ap viv? Li kite yo rive vye granmoun, epi tout zafè yo mache byen?
Job 24:21Tou sa rive konsa, paske li maltrete fanm ki pa ka fè pitit. Li san pitye pou vèv yo.
Psalms 73:3paske mwen te anvye sò moun k'ap fè grandizè yo lè mwen te wè jan mechan yo alèz.
Ecclesiastes 2:14Moun ki gen konprann yo, se pa je pete klere yo ye. Moun ki pa gen konprann yo ap mache nan fènwa. Men, mwen konnen tou de ap fini menm jan.
Ecclesiastes 4:8Se te yon nonm ki t'ap viv pou kont li, san zanmi. Li pa t' gen pitit gason, li pa t' gen frè. Li travay san pran souf. Li pa t' janm gen ase. Pou ki moun li t'ap travay di konsa, san bay tèt li yon ti plezi? Li pa t' janm gen tan pou mande tèt li sa. Sa a tou, sa pa vo anyen, se pa yon bon jan pou moun viv.