Ephesians 1:11
Bondye ap fè tout bagay rive jan l' te deside l' la ak jan l' te vle l' la. Konsa, nou menm jwif, nou se moun Bondye te chwazi depi davans dapre plan li. Lè n'ap viv ansanm nan Kris la, nou resevwa pòsyon pa nou nan byen l' yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Job 12:13Men, Bondye gen konesans, lèfini li gen pouvwa. Li gen bon konprann, lèfini li fè sa li vle.
Proverbs 8:14Se mwen ki bay bon konsèy, ki bay moun ladrès. Mwen gen konprann, mwen gen fòs pouvwa.
Isaiah 28:29Tout konesans sa a se nan Bondye ki gen tout pouvwa a li soti. Plan travay li se bèl bagay. Li bay bon konsèy, li gen anpil bon konprann.
Isaiah 46:10Depi nan konmansman, mwen te di jan sa pral ye. Depi davans mwen te fè nou konnen sa ki tapral rive. Mwen te di plan travay mwen gen pou rive fèt vre. M'ap fè tou sa mwen te vle fè a.
Jeremiah 32:19Plan travay ou, se gwo zafè. Yo pa ka konte bèl bagay ou fè yo. Je ou louvri sou tou sa moun ap fè, pou bay chak moun sa yo merite dapre sa yo fè, dapre jan yo mennen bak yo.
Acts 2:23Yo te lage nonm sa a nan men nou, jan Bondye te vle l' la, dapre plan li te deja fè nan tèt li. Nou menm, nou fè touye l', nou fè yon bann mechan kloure l' sou yon kwa.