The Bible Software
bible.software › Ephesians › Ephesians 1 › Ephesians 1:17

Ephesians 1:17

Bondye Jezikri, Seyè nou an, fè nou konnen an, se yon papa ki gen anpil pouvwa. Mwen mande l' pou li ban nou Sentespri l' ki bay bon konprann ki moutre nou sa Bondye ap devwale nou an pou nou ka rive konnen l' byen.

Bib La

In The King James Version

That the God of our Lord Jesus Christ, the Father of glory, may give unto you the spirit of wisdom and revelation in the knowledge of him:

In Context

16mwen pa janm sispann di Bondye mèsi pou nou. Mwen toujou chonje nou lè m'ap lapriyè.

18Mwen mande l' pou l' louvri lespri nou, pou nou ka konnen kisa n'ap tann nan men Bondye ki rele nou an, ki vle di eritaj Bondye pwòmèt l'ap bay moun ki pou li yo, yon eritaj ki rich anpil, ki bèl anpil.

Read all of Ephesians 1

Cross References

1 Chronicles 29:11Seyè, ou gen pouvwa, ou gen kouraj! Se pou ou tout lwanj. W'ap donminen sou tout bagay pou tout tan. Tou sa ki nan syèl la ak sou latè a se pou ou yo ye. Se ou menm Seyè ki sel wa, paske ou sèl chèf sou tout bagay.

Psalms 24:10Kilès ki wa ki gen pouvwa sa a? Se Seyè ki chèf lame zanj yo, se li menm ki wa ki gen pouvwa a.

Proverbs 2:5Si ou fè tou sa, w'a konnen sa ki rele gen krentif pou Bondye. W'a resi konnen ki moun Bondye ye.

Jeremiah 2:11Lòt nasyon yo pa janm chanje bondye yo, malgre se pa t' bondye tout bon yo te ye. Men, pèp mwen an te pito zidòl ki pa ka fè anyen pou yo pase mwen menm, Bondye ki te fè bèl bagay pou yo a.

Jeremiah 24:7M'ap ba yo konprann pou yo sa konnen se mwen menm ki Seyè a. Lè sa a, y'a yon pèp pou mwen, mwen menm m'a Bondye yo, paske y'ap tounen vin jwenn mwen ak tout kè yo.

Daniel 2:28Men, gen yon Bondye nan syèl la ki devwale tout sekrè ki kache. Se li k'ap fè ou konnen sa ki gen pou rive pita. Men rèv ou te fè a, men vizyon ou te wè pandan ou t'ap dòmi an.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)聖書 (日本語)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBiblia TakatifuBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)

Study Ephesians 1:17

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeAlbert BarnesJohn WesleyJohn CalvinScofieldWilliam BurkittFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)Robertson's Word Pictures
← Ephesians 1:16Ephesians 1Ephesians 1:18 →