Ephesians 1:18
Mwen mande l' pou l' louvri lespri nou, pou nou ka konnen kisa n'ap tann nan men Bondye ki rele nou an, ki vle di eritaj Bondye pwòmèt l'ap bay moun ki pou li yo, yon eritaj ki rich anpil, ki bèl anpil.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 119:18Louvri je m' pou m' ka wè bèl bagay ki nan lalwa ou la.
Isaiah 29:10Paske Seyè a fè nou anvi dòmi. Li fè je nou vin lou. Pwofèt yo, se je pèp la yo ye! Li kouvri tèt nou. Divinò yo, se tèt pèp la yo ye.
Isaiah 32:3Je tout moun va louvri pou yo wè sa k'ap pase. Zòrèy tout moun va louvri pou yo konnen sa k'ap fèt nan peyi a.
Matthew 13:15Paske, lespri pèp sa a vin lou. Yo bouche zòrèy yo, yo fèmen je yo, pou yo pa wè ak je yo, pou yo pa tande nan zòrèy yo, pou yo pa konprann ak lespri yo, pou yo pa tounen vin jwenn mwen pou m' geri yo. Se Bondye ki pale konsa.
Acts 16:14Yonn ladan yo te rele Lidi. Se te moun lavil Tiyati, yon machann bèl twal koulè wouj yo vann byen chè a. Li te konvèti nan relijyon jwif yo. Li t'ap koute nou. Seyè a louvri lespri l' pou l' te swiv tou sa Pòl t'ap di.
Romans 5:4Poukisa? Paske nou konnen lè n'ap soufri sa fè nou gen pasyans. Lè nou gen pasyans konsa, sa ban nou kouraj pou nou soufri. Plis nou gen kouraj, se plis nou gen espwa.