Ephesians 2:10
Se Bondye ki fè nou. Nan Jezikri li kreye nou pou nou ka fè anpil bon zèv nan lavi nou, dapre sa li te pare davans pou nou te fè.
Bib La
In The King James Version
In Context
9Non, nou pa fè anyen pou sa. Konsa, pesonn pa ka vante tèt yo.
Cross References
Deuteronomy 5:33N'a mache dwat nan chemen Bondye nou an, Seyè a, mete devan nou an. Se konsa n'a gen lavi, n'a gen kè kontan. N'a viv lontan nan peyi nou pral pran pou nou rete a.
Psalms 51:10(051:12) O Bondye, pa kite okenn move lide nan kè m'. Mete bon lide nan tèt mwen, pou m' sa kenbe fèm.
Psalms 100:3Pa janm bliye: Seyè a, se Bondye li ye. Se li menm ki fè nou, se pou li nou ye. Se pèp li nou ye, mouton ki nan savann li.
Psalms 138:8W'a fin fè sa ou te konmanse fè pou mwen an. Seyè, ou p'ap janm sispann renmen nou. Pa vire do ou kite travay ou konmanse fè a!
Isaiah 19:25Seyè a va beni yo, l'a di konsa: -benediksyon pou Lejip, pèp mwen an, pou Lasiri mwen te fè ak men mwen an, ak pou Izrayèl ki rele m' pa m' lan.
Isaiah 43:21Pèp mwen te fè pou mwen an va chante, l'a fè lwanj mwen.