The Bible Software
bible.software › Ephesians › Ephesians 2 › Ephesians 2:12

Ephesians 2:12

Lè sa a, nou t'ap viv byen lwen Kris la, nou te tankou etranje, nou pa t' fè pati pèp Bondye te chwazi pou li a. Nou pa t' nan kontra Bondye te fè ak pèp li a dapre sa l' te pwomèt la. Nou t'ap viv sou latè san okenn espwa, san Bondye.

Bib La

In The King James Version

That at that time ye were without Christ, being aliens from the commonwealth of Israel, and strangers from the covenants of promise, having no hope, and without God in the world:

In Context

11Nou menm ki pa t' fèt nan ras jwif la, jwif yo te rele nou moun ki pa sikonsi, menm jan yo te rele tèt yo moun ki sikonsi. Yo t'ap gade sou mak lèzòm fè sou kò yo ak men yo. Wi, nou menm moun lòt nasyon yo, chonje sa nou te ye nan tan lontan.

13Men koulye a, nan Jezikri, nou menm ki yon lè t'ap viv lwen Bondye, nou vin toupre l', gremesi san Kris la ki koule lè li mouri pou nou an.

Read all of Ephesians 2

Cross References

Genesis 15:18Se jou sa a Seyè a te pase kontra avèk Abram. Li di l' konsa M'ap bay pitit pitit ou yo tout peyi sa a, depi larivyè Lejip, rive jouk larivyè Lefrat la.

Exodus 12:45Men, ni moun lòt nasyon ki depasaj lakay nou, ni domestik k'ap travay pou lajan pa ka patisipe nan fèt la.

Numbers 18:19M'ap ba ou pou ou menm, pou pitit gason ak pitit fi ou yo tout pòsyon ki va rete nan ofrann moun pèp Izrayèl yo va mete apa pou mwen. Se va yon regleman k'ap la pou tout tan tout tan. Se yon kontra ki p'ap janm kase ni ki p'ap janm gate mwen fè la avèk ou, pou ou ak pou tout ras fanmi ou.

Ezra 4:3Zowobabèl, Jozye ak tout lòt chèf fanmi yo reponn yo: -Non mèsi! Nou pa bezwen konkou pesonn pou nou bati yon tanp pou Seyè a, Bondye nou an. N'a bati l' nou menm, pou kont nou ak men nou, jan Siris, wa peyi Pès la, te ban nou lòd fè a.

Isaiah 44:6Seyè ki wa pèp Izrayèl la, Seyè ki gen tout pouvwa a, li menm k'ap delivre pèp la, men sa li di: -Se mwen menm ki te la anvan tout bagay, Se mwen menm k'ap la apre tout bagay. Pa gen lòt bondye pase mwen menm sèl.

Isaiah 61:5Se moun lòt nasyon ki va pran swen mouton nou yo. Se moun vini ki va travay jaden nou yo, ki va okipe jaden rezen nou yo.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)聖書 (日本語)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBiblia TakatifuBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)

Study Ephesians 2:12

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeAlbert BarnesJohn WesleyJohn CalvinScofieldWilliam BurkittFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)Robertson's Word Pictures
← Ephesians 2:11Ephesians 2Ephesians 2:13 →