Ephesians 2:14
Paske, se li menm k'ap fè nou byen yonn ak lòt, li fè moun lòt nasyon yo fè yon sèl pèp ansanm ak jwif yo. Avèk pwòp kò li, li kraze miray ki te separe yo epi ki te fè yo yonn lènmi lòt.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Isaiah 9:6Nou gen yon ti pitit ki fenk fèt. Bondye ban nou yon gason. Se li menm ki pral chèf nou. Y'a rele l': Bon konseye k'ap fè bèl bagay la, Bondye ki gen tout pouvwa a, Papa ki la pou tout tan an, Wa k'ap bay kè poze a!
Ezekiel 34:24Se mwen menm, Seyè a, k'ap Bondye yo. Se yon wa, tankou David sèvitè m' lan, ki va sèl chèf nan mitan yo. Se mwen menm, Seyè a, ki di sa.
Micah 5:5L'a fè tout moun viv byen yonn ak lòt. Lè moun peyi Lasiri yo va anvayi peyi nou an, lè y'a pwonmennen mache nan tout peyi a, n'a voye sèt chèf, n'a voye wit menm al konbat yo.
Luke 1:79Li gen pou l' klere tout moun k'ap viv nan fènwa ak nan lonbraj lanmò. Li gen pou l' fè nou mache nan chemen k'ap ban nou kè poze a.
John 10:16Mwen gen anpil lòt mouton ki pa nan pak sa a. Mwen gen pou m' mennen yo tou. Y'a tande vwa mwen. Lè sa a, va gen yon sèl bann mouton ak yon sèl gadò.
John 16:33Mwen pale konsa pou nou kapab gen kè poze nan mwen. Nou gen pou n' soufri anpil sou latè. Men, pran kouraj, lemonn deja pèdi devan mwen.