Ephesians 2:16
Avèk lanmò Kris la sou kwa a, li wete sa ki t'ap fè de pèp sa yo yonn rayi lòt, li fè yo tou de vin byen ak Bondye, li mete yo ansanm yonn ak lòt nan yon sèl kò.
Bib La
In The King James Version
And that he might reconcile both unto God in one body by the cross, having slain the enmity thereby:
In Context
Cross References
Romans 6:6Nou konn sa byen: vye moun nou te ye anvan an, sa mouri avèk Kris la sou kwa a. Konsa, sa nou gen nan kò nou ki te konn fè nou fè peche a fini. Nou pa esklav peche ankò.
Romans 8:7Poukisa? Paske, lè egzijans kò a fin pran tèt yon moun, li pa vle wè Bondye ankò, li p'ap soumèt devan lalwa Bondye a, li p'ap ka soumèt menm.
Galatians 2:20Se sak fè, se pa mwen k'ap viv ankò, se Kris la k'ap viv nan mwen: lavi m'ap mennen nan kò m' koulye a, m'ap viv li nan konfyans mwen gen nan Pitit Bondye a ki te renmen m' sitèlman li te rive bay lavi l' pou mwen.
Colossians 1:20Se li menm tou ki te vle fè tout bagay byen avè li ankò, gremesi Kris la, tou sa ki sou latè ak tou sa ki nan syèl la. Li mete lapè toupatou, gremesi san Kris la ki koule sou kwa a.
1 Peter 4:1Se poutèt sa, menm jan Kris la te soufri nan kò li, nou menm tou se pou nou pare pou n' soufri menm jan an tou. Paske, lè yon moun soufri nan kò li, li pa gen anyen pou l' wè ak peche ankò.