Ephesians 2:20
Nou menm moun lòt nasyon yo, nou se kay Bondye ap bati sou fondasyon apòt yo ak pwofèt yo te poze a, men se Jezikri menm ki gwo wòch ki kenbe kay la kanpe a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 118:22Wòch moun ki t'ap bati yo te voye jete a, se li menm ki tounen wòch ki kenbe kay la.
Matthew 16:18Mwen menm, men sa m'ap di ou: Ou se yon wòch, Pyè. Se sou wòch sa a m'ap bati legliz mwen. Ata lanmò p'ap kapab fè l' anyen.
Mark 12:10Eske nou pa li pawòl ki ekri a? Mwen sèten nou li l' deja: Wòch moun ki t'ap bati yo te voye jete a, se li menm ki tounen wòch ki kenbe kay la.
Acts 4:11Se Jezi menm yo t'ap pale nan pawòl sa a ki ekri nan liv la: Wòch nou te voye jete lè nou t'ap bati a, se li menm ki tounen wòch ki kenbe kay la.
1 Corinthians 12:28Se konsa, nou wè nan legliz la Bondye mete apòt yo an premye, pwofèt yo an dezyèm, dirèktè yo an twazyèm. Apre sa, nou jwenn moun k'ap fè mirak, moun ki gen don pou geri moun malad, moun k'ap ede lòt, moun k'ap dirije, moun ki gen don pou pale divès lang.
Ephesians 4:11Se li menm ki fè lèzòm kado divès pouvwa. Li bay kèk ladan yo pouvwa pou sèvi apòt, li bay lòt ladan yo pouvwa pou sèvi pwofèt, li bay lòt ankò pouvwa pou anonse bon nouvèl la, li bay dòt ankò pouvwa pou sèvi tankou pastè ak dirèktè.