Ephesians 2:22
Konsa, nou menm tou avèk lavi n'ap mennen nan Kris la, nou antre nan batisman sa a pou nou fè ansanm ak lòt yo yon sèl kay kote Bondye ap viv ak pouvwa Sentespri li.
Bib La
In The King James Version
In whom ye also are builded together for an habitation of God through the Spirit.
In Context
Cross References
John 14:17Moun k'ap viv dapre prensip lemonn pa ka resevwa l', paske yo pa ka wè l', ni yo pa ka konnen li. Men nou menm, nou konnen l' paske li rete nan kè nou, paske li nan nou.
Romans 8:9Pou nou menm, nou p'ap viv dapre egzijans kò nou ankò, men dapre egzijans Lespri Bondye a, paske Lespri Bondye a nan nou. Si yon moun pa gen Lespri Kris la nan li, li pa pou Kris la.
1 Corinthians 6:19Se konnen nou pa konnen kò nou se tanp Sentespri k'ap viv nan kè nou, Sentespri Bondye te ban nou an? Nou pa mèt tèt nou ankò.
Ephesians 3:17pou Kris la rete nan kè nou ak konfyans nou gen nan li a. M'ap mande Bondye pou nou pouse rasin, pou nou chita byen fèm nan renmen,
1 John 3:24Moun ki kenbe kòmandman Bondye yo, y'ap fè yonn ak Bondye, Bondye ap fè yonn ak yo tou. Men ki jan nou konnen Bondye fè yonn ak nou: nou konnen sa paske li ban nou Sentespri li.
1 John 4:16Nou menm nou konnen jan Bondye renmen nou, nou kwè se vre. Bondye se renmen an menm. Moun ki gen renmen nan kè yo, yo fè yonn ak Bondye, Bondye fè yonn ak yo.