Ephesians 2:8
Se paske li renmen nou kifè li delivre nou, nou menm ki mete konfyans nou nan li. Sa pa soti nan nou menm menm, se yon kado Bondye ban nou.
Bib La
In The King James Version
For by grace are ye saved through faith; and that not of yourselves: it is the gift of God:
In Context
9Non, nou pa fè anyen pou sa. Konsa, pesonn pa ka vante tèt yo.
Cross References
Matthew 16:17Lè sa a, Jezi di li: Ou wè ou menm, Simon, pitit Jan an, ou se yon nonm Bondye beni. Paske, se pa moun ki fè ou konn verite sa a. Men, se Papa m' ki nan syèl la ki fè sa pou ou.
Mark 16:16Moun ki kwè epi ki resevwa batèm va delivre. Men, moun ki pa kwè va kondannen.
John 1:12Men, sa ki te resevwa l' yo, sa ki te kwè nan li yo, li ba yo pouvwa tounen pitit Bondye.
John 3:36Moun ki mete konfyans yo nan Pitit la, yo gen lavi ki p'ap janm fini an. Moun ki desobeyi Pitit la, yo p'ap gen lavi sa a. Se kòlè Bondye k'ap tonbe sou yo.
John 5:24Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Yon moun ki koute pawòl mwen, ki mete konfyans nan moun ki voye m' lan, l'ap gen lavi ki p'ap janm fini an. Yo p'ap kondannen li. Li deja soti nan lanmò, li antre nan lavi.
John 6:35Jezi di yo: Se mwen menm pen ki bay lavi a. Moun ki vin jwenn mwen p'ap janm grangou; moun ki kwè nan mwen p'ap janm swaf dlo.