Ephesians 3:19
Wi, mwen mande pou nou rive konnen kalite renmen Kris la gen pou nou, atout pesonn p'ap janm ka rive konnen l' nèt. Konsa, n'a vin plen nèt ak tou sa ki nan Bondye.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 43:4Lè sa a, m'a tounen vin bò lotèl Bondye a, Bondye ki fè kè m' kontan an, Bondye k'ap fè m' fè fèt la. M'a jwe enstriman mizik pou Bondye, pou Bondye pa m' lan.
John 1:16Nou tout nou resevwa pa nou nan tout kantite byen l' yo. Li ban nou favè sou favè.
2 Corinthians 5:14Paske, se kalite renmen Kris la gen pou nou an k'ap dirije m': mwen gen konviksyon sa a, si yon sèl moun te mouri pou tout lòt yo, sa vle di tout lòt yo mouri ansanm avè li.
Ephesians 1:23Legliz la se kò Kris la, li konplete Kris la. Kris la menm, avèk pouvwa li, li konplete tout bagay ki toupatou.
Ephesians 5:2Se pou nou viv ak renmen nan kè nou, menm jan Kris la te fè l' la, li menm ki te renmen nou, ki te bay lavi l' pou nou tankou yon ti mouton yo ofri pou touye pou Bondye, ofrann k'ap fè Bondye plezi ak bon sant li.
Philippians 1:7Se tou nòmal pou m' fè lide konsa sou nou, paske nou toujou nan lespri m', nou tout ki kanpe la avè m' nan tout favè Bondye fè m', kit lè mwen nan prizon tankou koulye a, kit lè mwen te lib pou m' defann bon nouvèl la, pou m' moutre se laverite li ye.