Ephesians 3:6
Men sekrè a: Nan Jezikri, ak pouvwa bon nouvèl la, moun ki pa jwif yo gen pou resevwa ansanm ak jwif yo pòsyon pa yo nan byen Bondye a. Yo se manm yon menm kò ansanm ak jwif yo, y'ap jwenn pa yo ansanm ak yo tou nan menm pwomès Bondye te fè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Romans 8:15Lespri Bondye ban nou an, se pa yon lespri k'ap fè nou esklav pou n'ap tranble devan Bondye toujou. Okontrè, Lespri Bondye a fè nou tounen pitit Bondye. Se li menm ki penmèt nou rele Bondye Papa.
1 Corinthians 12:12Konsa, Kris la se tankou yon kò ki gen anpil manm. Kò a toujou yon sèl kò, ou mèt wè li gen anpil manm.
Galatians 3:14Sa te fèt konsa pou moun ki pa jwif yo te ka rive resevwa benediksyon Bondye te pwomèt Abraram lan gremesi Jezikri, pou nou tout te ka resevwa Lespri Bondye te pwomèt la, paske nou te mete konfyans nou nan li.
Galatians 4:5pou l' te ka delivre tout moun ki te anba lalwa pou n' te kapab vin pitit Bondye.
Ephesians 4:15Okontrè, ann pale verite a avèk renmen nan kè nou, konsa n'a ka grandi nan tout sans nan Kris la ki chèf kò a.
Ephesians 5:30paske nou se manm kò li.