Ephesians 3:9
Li ban m' privilèj sa a pou m' fè tout moun wè aklè ki jan plan travay Bondye te sere nan kè li a ap reyalize, paske Bondye ki kreye tout bagay te kenbe plan sa a nan kè l' depi lontan.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 33:6Seyè a pale, epi syèl la fèt. Li soufle ak bouch li, tou sa ki nan syèl la fèt.
Matthew 10:27Tou sa m'ap di nou nan fènwa, nou menm repete l' gwo lajounen. Tou sa yo di nou nan zòrèy, mache bay li nan tout kalfou.
Matthew 25:34Apre sa, wa a va pale ak sa ki sou bò dwat li yo, la di: Vini non, nou menm ki resevwa benediksyon Papa m', vin pran posesyon peyi ki te pare pou nou depi lè Bondye t'ap kreye lemonn lan.
Mark 16:15Epi li di yo: -Ale toupatou sou latè, anonse Bon Nouvèl la bay tout moun.
John 1:1Anvan Bondye te kreye anyen, Pawòl la te la. Pawòl la te avèk Bondye. Sa Bondye te ye, se sa Pawòl la te ye tou.
John 5:19Lè sa a, Jezi reponn yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Pitit Bondye a pa fè anyen pou kò li. Sa l' wè Papa a fè, se sa l' fè tou. Tou sa Papa a ap fè, Pitit la fè l' tou.