Ephesians 4:11
Se li menm ki fè lèzòm kado divès pouvwa. Li bay kèk ladan yo pouvwa pou sèvi apòt, li bay lòt ladan yo pouvwa pou sèvi pwofèt, li bay lòt ankò pouvwa pou anonse bon nouvèl la, li bay dòt ankò pouvwa pou sèvi tankou pastè ak dirèktè.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Chronicles 15:3Pandan lontan, pèp Izrayèl la t'ap viv san Bondye tout bon an, san prèt pou moutre yo sa pou yo fè, san lalwa Bondye a.
Matthew 28:20Moutre yo pou yo obsève tou sa mwen te ban nou lòd fè. Chonje sa byen: mwen la avèk nou toulejou, jouk sa kaba.
Acts 20:28Veye kò nou, veye sou tout bann mouton Sentespri a mete sou kont nou. Okipe legliz Bondye a, legliz li te achte ak pwòp san Pitit li a.
Romans 10:14Ki jan y'a fè rele l', si yo poko gen konfyans nan li? Ki jan pou yo gen konfyans nan li, si yo pa tande pale sou li? Ki jan pou yo tande pale sou li,
1 Corinthians 12:28Se konsa, nou wè nan legliz la Bondye mete apòt yo an premye, pwofèt yo an dezyèm, dirèktè yo an twazyèm. Apre sa, nou jwenn moun k'ap fè mirak, moun ki gen don pou geri moun malad, moun k'ap ede lòt, moun k'ap dirije, moun ki gen don pou pale divès lang.
Ephesians 3:5Nan tan lontan Bondye pa t' devwale plan travay sa a bay ankenn moun sou latè, men koulye a, ak pouvwa Sentespri a, li devwale l' bay moun li mete apa pou sèvi l' apòt ak pwofèt.