Ephesians 4:12
Konsa, li byen òganize pèp Bondye a pou yo chak fè travay sèvis yo, pou kò Kris la ka grandi nan konfyans.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Luke 22:32Men, mwen lapriyè pou ou, Simon, pou konfyans ou nan Bondye pa febli. Ou menm, lè wa tounen vin jwenn mwen, bay frè ou yo fòs.
Acts 1:17Jida te yonn nan nou, li te gen sèvis pa l' nan travay nou an.
Acts 9:31Lè sa a, legliz la te gen repo toupatou nan Jide, nan Galile ak nan Samari. Li t'ap devlope, li t'ap viv avèk krentif pou Bondye. Avèk konkou Sentespri, li t'ap resevwa anpil moun toujou.
Acts 14:22Yo t'ap bay disip yo fòs, yo t'ap ankouraje yo pou yo rete fèm nan konfyans yo. Yo t'ap di yo: Nou gen pou nou soufri anpil anvan pou n' antre nan peyi kote Bondye wa a.
Acts 20:28Veye kò nou, veye sou tout bann mouton Sentespri a mete sou kont nou. Okipe legliz Bondye a, legliz li te achte ak pwòp san Pitit li a.
Romans 14:19Se sak fè, ann toujou chache bagay ki kapab ede nou viv ak kè poze, bagay ki pou penmèt nou yonn soutni lòt nan konfyans nou nan Bondye.