The Bible Software
bible.software › Ephesians › Ephesians 4 › Ephesians 4:14

Ephesians 4:14

Lè sa a, nou p'ap viv tankou timoun ankò, tankou moun k'ap chanje lide fasil, ki kite kouran nenpòt doktrin trennen yo ale, ki tankou jwèt nan men bann rize sa yo ki konn ki jan pou yo pran tèt moun nan bay manti.

Bib La

In The King James Version

That we henceforth be no more children, tossed to and fro, and carried about with every wind of doctrine, by the sleight of men, and cunning craftiness, whereby they lie in wait to deceive;

In Context

13Li fè sa konsa pou nou tout ansanm nou ka rive fè yon sèl kò nan konfyans nou genyen an ak nan konesans Pitit Bondye a. Konsa, nou tout ansanm nou ka vin granmoun ki byen devlope, dapre dènye mezi devlòpman Kris la ki bon nèt.

15Okontrè, ann pale verite a avèk renmen nan kè nou, konsa n'a ka grandi nan tout sans nan Kris la ki chèf kò a.

Read all of Ephesians 4

Cross References

Psalms 10:9Li anbiske kò l' tankou yon lyon nan kachèt li. Li kouche, l'ap tann malere yo. Li pran yo nan pèlen li, li trennen yo pote ale.

Isaiah 28:9Y'ap pale sou mwen, y'ap di: Ki moun l'ap moutre tout bagay sa yo? Ki moun l'ap fè konprann sa Bondye fè l' konnen an? Gen lè se pou timoun ki fèk sevre, timoun ki fèk kite tete?

Matthew 11:7Lè patizan Jan yo al fè wout yo, Jezi pran pale ak foul la sou Jan. Li di yo konsa: Sa nou te al wè nan dezè a? Yon pye wozo van t'ap souke? Non.

Matthew 24:11Gen anpil moun k'ap parèt, y'ap pran pòz pwofèt yo, y'a twonpe anpil moun.

Acts 20:30Gen moun k'ap soti nan mitan nou menm menm, k'ap kanpe pou bay manti, pou chache rale kèk disip dèyè yo.

Romans 16:17M'ap ban nou yon dènye ti konsèy, frè m' yo: Veye kò nou ak moun k'ap simen divizyon, k'ap pale kont sa yo te moutre nou an pou fè moun ki kwè yo pèdi tèt yo.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)聖書 (日本語)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBiblia TakatifuBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)

Study Ephesians 4:14

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeAlbert BarnesJohn WesleyJohn CalvinScofieldWilliam BurkittFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)Robertson's Word Pictures
← Ephesians 4:13Ephesians 4Ephesians 4:15 →