Ephesians 4:15
Okontrè, ann pale verite a avèk renmen nan kè nou, konsa n'a ka grandi nan tout sans nan Kris la ki chèf kò a.
Bib La
In The King James Version
But speaking the truth in love, may grow up into him in all things, which is the head, even Christ:
In Context
Cross References
Psalms 32:2Ala bon sa bon pou yon moun lè Seyè a pa mande l' kont pou sa li fè ki mal, lè li pa gen okenn lide twonpe Bondye!
Zechariah 8:16Men sa pou nou fè: Lè n'ap pale yonn ak lòt, pa bay manti. Nan tribinal, se pou nou rann jistis san patipri pou tout moun ka viv byen yonn ak lòt.
John 1:47Lè Jezi wè Natanayèl ap vin bò kote l', li di sou li: Men yon moun pèp Izrayèl tout bon. Se yon nonm ki pa gen riz nan li.
2 Corinthians 4:2Mwen voye tout bagay lèd lèzòm ap fè an kachèt yo jete. Mwen pa fè okenn riz. Mwen pa chanje anyen nan pawòl Bondye a. Okontrè, mwen fè tout moun konnen verite a jan l' ye a. Se konsa bagay sa yo rekòmande mwen devan Bondye bay tout moun ki gen konsyans.
Ephesians 1:22Bondye mete tout bagay anba pye Kris la, li mete l' pou l' sèl chèf legliz la.
Ephesians 4:25Se poutèt sa, sispann bay manti. Se pou nou di verite lè n'ap pale ak frè nou, paske nou tout se manm yon sèl kò nou ye.