Ephesians 4:17
Se sa ki fè, men sa m'ap di nou, men sa m'ap deklare nou nan non Seyè a: Sispann viv tankou moun ki pa konn Bondye epi k'ap swiv lide pa yo ki pa vo anyen.
Bib La
In The King James Version
In Context
18Lespri yo bouche, yo p'ap viv lavi Bondye bay la, paske yo pa konn anyen, kè yo fin di.
Cross References
Deuteronomy 27:10Se pou nou obeyi l', se pou nou swiv tout lòd ak tout regleman mwen ban nou jòdi a.
Nehemiah 13:15Lè sa a tou, mwen wè kèk moun nan peyi Jida a ki t'ap fè ji rezen gwo jou repo a. Gen lòt menm ki t'ap chaje pakèt ble, diven, rezen, fig frans ak anpil lòt chay toujou sou bourik pou yo ale lavil Jerizalèm jou repo a. Mwen avèti yo pou yo pa vann jou sa a.
Jeremiah 42:19Wi, men sa Seyè a voye fè nou konnen, nou menm ti ponyen ki rete nan peyi Jida a. Piga nou desann nan peyi Lejip. Mwen tou pale nou jòdi a.
Acts 14:15Mezanmi, sa n'ap fè konsa? Nou se moun tankou nou tou: nou vin isit la anonse nou yon bon nouvèl: Se pou nou kite tout zidòl sa yo ki pa vo anyen pou n' vire bò kot Bondye ki vivan an. Se li menm ki fè syèl la, tè a, lanmè a ansanm ak tout sa ki ladan yo.
Acts 20:21Mwen avèti tout moun, jwif kou moun lòt nasyon yo, pou yo chanje lavi yo, tounen vin jwenn Bondye, pou yo mete konfyans yo nan Seyè Jezi.
Romans 1:23Pase pou yo adore Bondye ki p'ap janm mouri a ak tout bèl bagay li yo, yo pito sèvi pòtre moun ki gen pou mouri, pòtre zwazo, pòtre bèt kat pa t' ak bèt ki trennen sou vant.