Ephesians 4:21
si tout bon vre nou te tande pale sou Kris la, si tout bon vre yo te moutre nou verite a jan l' ye nan Jezi, lè nou te mete konfyans nou nan li a.
Bib La
In The King James Version
If so be that ye have heard him, and have been taught by him, as the truth is in Jesus:
In Context
20Men nou menm, se pa konsa yo te fè nou konnen Kris la,
Cross References
Psalms 45:4(045:5) Moute sou cha ou, al goumen, pou pran defans moun ki kenbe pawòl yo, moun ki gen bon kè, moun ki mache dwat devan ou. Kouraj ou ap fè ou genyen batay la.
Matthew 17:5Antan Pyè t'ap pale toujou, yon nwaj byen klere vin kouvri yo. Yo tande yon vwa soti nan nwaj la, li di: Sa se pitit mwen renmen anpil la. Li fè kè m' kontan anpil. Koute li.
John 1:17Bondye fè Moyiz ban nou lalwa. Men, se Jezikri ki fè nou konnen renmen Bondye a ansanm ak verite a.
John 14:6Jezi reponn li: Se mwen menm ki chemen an. Se mwen menm ki verite a, se mwen menm ki lavi a. Pesonn pa ka al jwenn Papa a si li pa pase nan mwen.
Acts 3:22Se konsa Moyiz te di: Bondye, Mèt nou an, gen pou l' voye yon pwofèt ban nou tankou l' te voye m' lan. Se va yonn nan frè nou yo. Se pou nou koute tou sa la di nou.
2 Corinthians 11:10Jan mwen sèten mwen konnen verite Kris la, mwen pa ka bay manti, se konsa m'ap di nou sa: rezon sa a mwen genyen pou m' vante tèt mwen nan tout peyi Lakayi a, pesonn p'ap kapab wete l' nan men mwen.