Ephesians 4:26
Si nou ankòlè, veye kò nou pou kòlè a pa fè nou fè sa ki mal. Pa al dòmi ak kòlè nan kè nou.
Bib La
In The King James Version
Be ye angry, and sin not: let not the sun go down upon your wrath:
In Context
Cross References
Exodus 11:8Lè sa a, tout moun pa ou yo pral desann vin kote mwen. Y'ap bese tèt yo jouk atè devan mwen. y'a di m': Ale non, ou menm ansanm ak tou pèp ou a. Se lè sa a, m'a pati. Lèfini, Moyiz soti byen fache lakay farawon an.
Numbers 20:10Moyiz ak Arawon sanble tout pèp la devan gwo wòch la. Epi Moyiz di yo: -Louvri zòrèy nou, bann moun tèt di! Se vle nou vle mwen fè dlo soti nan wòch sa a pou nou?
Numbers 25:7Lè Fineas, pitit gason Eleaza a, pitit pitit Arawon, prèt la, wè sa, li leve, li kite moun yo kote yo te reyini an, li pase men l', li pran yon frenn.
1 Samuel 20:34Li leve soti bò tab la, li te fache anpil. Jou sa a, li pa manje anyen. Se te dezyèm jou fèt lalin nouvèl la. Sa te fè l' lapenn anpil pou David, paske papa l' te pale David mal.
Psalms 4:4(04:5) Se pou nou tranble tèlman nou pè, se pou n' sispann fè sa ki mal. Lè nou pou kont nou nan chanm nou, kalkile sou sa. Epi pe bouch nou.
Psalms 106:30Men, Fineas leve, li mete lòd, li pini koupab yo, epi pèp la geri.