Ephesians 4:28
Se pou moun ki te konn vòlò sispann vòlò. Okontrè, se pou l' travay di ak men l' san fè move konbinezon, pou l' sa gen dekwa bay moun ki nan bezwen.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 20:17Piga nou pote lanvi sou sa ki pa pou nou: ni sou kay frè parèy nou, ni sou madanm li, ni sou moun k'ap sèvi lakay li, ni sou bèf li, ni sou bourik li, ni sou ankenn lòt bagay ki pou frè parèy nou.
Job 34:32Tanpri. Louvri je m'. Fe m' wè sa m' fè a. Si mwen te aji ak mechanste, mwen p'ap rekonmanse ankò.
Proverbs 14:23Travay, w'a jwenn tou sa ou bezwen. Rete chita ap pale anpil ap rann ou pòv.
Proverbs 30:9Si mwen gen twòp, m'a vire do ba ou, m'a di mwen pa konnen ki moun ou ye. Si mwen pa gen ase, m'a vòlò, m'a fè yo pase ou nan betiz.
Hosea 4:2Se fè sèman pou gremesi, se bay manti. Se touye moun, se vòlò, se fè adiltè. Y'ap kraze gason, se krim sou krim.
Luke 3:8Fè bagay ki pou fè wè nou chanje lavi nou tout bon. Sispann di nan kè nou: Se pitit pitit Abraram nou ye! Paske, mwen pa kache di nou sa: Bondye kapab pran wòch sa yo, li fè yo tounen pitit pou Abraram.