Ephesians 4:29
Pa kite ankenn move pawòl soti nan bouch nou. Pale bon koze ki ka ede lòt yo grandi nan konfyans Bondye, koze ki ka ede yo lè yo nan move pa. Konsa, se yon byen n'a fè pou moun k'ap tande nou yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 5:9(05:10) Ou pa janm ka kwè moun sa yo. Se dèyè yon sèl bagay yo ye: yo vle fini ak tout moun. Anndan bouch yo, ou ta di yon kavo ki louvri, lang yo menm dous konsa pou flate moun.
Psalms 45:2(045:3) Pa gen pi bèl gason pase ou sou tout latè. Ou gen bèl pawòl dous nan bouch ou. Se poutèt sa, Bondye ap toujou beni ou.
Psalms 71:17Bondye, depi lè m' te jenn gason w'ap aprann mwen anpil bagay. Jouk koulye a m'ap rakonte bèl bagay ou fè yo.
Psalms 73:7Kè yo plen mechanste. Yo plen move plan nan tèt yo.
Proverbs 10:31Lè moun k'ap mache dwat yo ap pale, se bon koze yo bay. Men, moun k'ap pale mal yo ap disparèt.
Proverbs 15:2Pawòl ki soti nan bouch moun ki gen bon konprann fè ou anvi konnen tou. Men, pawòl ki soti nan bouch moun san konprann, se pawòl san sans.