Ephesians 4:30
Pa fè Sentespri Bondye a lapenn, paske Lespri a se mak letanp Bondye sou nou, li ban nou garanti Bondye ap fin delivre nou lè jou a va rive.
Bib La
In The King James Version
And grieve not the holy Spirit of God, whereby ye are sealed unto the day of redemption.
In Context
Cross References
Genesis 6:3Lè Seyè a wè sa, li di: Mwen p'ap kite lèzòm viv pou tout tan, paske se moun ase yo ye. Se sanventan (0120 an) sèlman pou yo viv.
Judges 10:16Apre sa, yo wete tout bondye lòt nasyon yo te gen lakay yo, yo pran sèvi Seyè a. Seyè a pa t' gen kè pou l' wè jan pèp Izrayèl la te nan lapenn.
Psalms 95:10Pandan karantan, ras moun sa yo ban m' degoutans. Mwen te di: Y'ap fè move lide nan tèt yo. Yo derefize obeyi kòmandman mwen yo.
Isaiah 43:24Nou pa t' depanse lajan nou achte lansan pou mwen. Ni nou pa t' ofri m' grès bèt nou touye yo pou sa te fè m' plezi. Men, se nou menm ki kraze m' ak peche nou yo. Se nou menm ki fatige m' ak mechanste n'ap fè yo.
Ezekiel 16:43Ou pa t' chonje jan m' te aji avè ou lè ou te jenn lan. Ou te fè m' move anpil pou tou sa ou te fè yo. Se poutèt sa mwen te fè ou peye pou tout. Se mwen menm Seyè a, Bondye sèl Mèt la, ki di sa. Poukisa ou fè tout dezòd vakabonday sa yo mete sou tout lòt bagay derespektan ou fè yo?
Mark 3:5Lè sa a Jezi fache, li pwonmennen je l' sou yo tout: sa te fè l' lapenn pou l' te wè jan yo te gen move santiman. Epi li di nonm lan konsa: -Lonje men ou. Nonm lan lonje men li. Latou men an geri.