Ephesians 4:31
Piga yo jwenn nan mitan nou moun ki kenbe lòt nan kè yo, moun ki gen san wo, moun ki renmen fè kòlè. Piga yo tande woywoy ak joure nan mitan nou. Nou pa fèt pou gen okenn lòt kalite mechanste k'ap fèt nan mitan nou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 27:41Ezaou te rayi Jakòb poutèt papa a te ba li benediksyon ki te pou li a. Li di nan kè l': Papa m' pa lwen mouri. Fini yo fini antere l', m'ap touye Jakòb, frè mwen an.
Genesis 37:21Woubenn t'ap koute yo, li t'ap chache yon jan pou sove Jozèf anba men yo. Li di yo: -Piga nou touye l'.
2 Samuel 13:22Absalon vin rayi Amnon pou kadejak li te fè sou Tama, sè li a. Li koupe l' bonjou.
2 Samuel 19:43Lamenm, moun peyi Izrayèl yo reponn moun peyi Jida yo: -Nou gen dis fwa plis dwa pase moun Jida yo sou wa a, menm si se fanmi yo li ye. Poukisa nou menm moun Jida yo, nou meprize moun peyi Izrayèl yo konsa? Pa bliye se nou menm premye moun ki te pale koze fè wa a tounen an. Men moun peyi Jida yo pale pi fò, yo fèmen bouch moun peyi Izrayèl yo.
Psalms 50:20Nou chita, n'ap pale frè nou mal. N'ap bay manti sou frè nou ki menm manman ak nou.
Psalms 101:5M'ap disparèt tout moun k'ap pale zanmi yo mal an kachèt. Mwen p'ap tolere moun k'ap fè grandizè, moun k'ap pran pòz gwokolèt yo sou moun.