Ephesians 5:11
Nou pa gen anyen pou nou wè ak moun k'ap viv nan fènwa, moun k'ap fè bagay ki p'ap rapòte anyen. Okontrè, denonse yo pou sa yo ye.
Bib La
In The King James Version
And have no fellowship with the unfruitful works of darkness, but rather reprove them.
In Context
10Chache konnen sa k'ap fè Seyè a plezi.
12Bagay moun sa yo ap fè an kachèt, se yon wont menm pou pale sou sa.
Cross References
Genesis 20:16Epi li di Sara. Mwen bay frè ou la mil (01.000) pyès lajan. Se pou sa ka fè moun ki la avè ou yo bliye sak te rive ou. Konsa, tout moun va konnen ou pa t' fè anyen ki mal.
Leviticus 19:17Piga nou kenbe frè nou nan kè. Si yo gen kichòy avèk nou, regle sa la pou la. Konsa, yo p'ap lakòz nou tonbe nan peche.
Job 24:16Lannwit, vòlè ap kraze kay moun. Lajounen yo kache, y'ap kouri pou solèy.
Psalms 26:4Mwen pa chita ansanm ak moun k'ap bay manti, mwen pa gen anyen pou m' wè ak moun ipokrit.
Psalms 141:5Ou mèt kite yon moun ki mache dwat pini m'. Ou mèt kite yon moun k'ap sèvi ou rale zòrèy mwen. Men, pa kite m' patisipe nan okenn fèt mechan yo. Paske, lè m'ap lapriyè, m'ap toujou denonse sa y'ap fè ki mal.
Proverbs 4:14Pa fè menm chemen ak mechan yo. Pa swiv egzanp moun ki deprave yo.