Ephesians 5:14
Paske, tout bagay ki parèt aklè tounen limyè. Se poutèt sa yo di: Leve non, ou menm k'ap dòmi an, leve soti nan mitan mò yo. Kris la va klere ou.
Bib La
In The King James Version
In Context
13Men, lè ou mete tout bagay sa yo aklè nan limyè, lèzòm va wè sa yo ye tout bon.
Cross References
Isaiah 26:19Moun pa ou yo ki te mouri pral leve vivan ankò. Kadav yo pral leve mache. Nou menm ki te anba tè, leve non! Chante ak kè kontan. Menm jan lawouze rafrechi latè, se konsa Seyè a pral fè sa ki te mouri depi lontan yo leve vivan ankò.
Isaiah 52:1Leve non, mòn Siyon! Leve non! Mete kouraj ou sou ou! Mete pi bèl rad ou sou ou, ou menm Jerizalèm, lavil Bondye a! Paske moun lòt nasyon yo, ki pa pote mak kontra Bondye a, ki pa nan kondisyon pou sèvi Bondye, p'ap janm mete pye lakay ou ankò.
Ezekiel 37:4Lè sa a, li di m' konsa: -Bay mesaj sa a pou zosman yo. W'a di zosman ki fin chèch yo pou yo koute pawòl Seyè a.
John 5:25Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Lè a ap rive, li rive deja: moun mouri yo pral tande vwa Pitit Bondye a. Tout moun mouri ki va tande vwa sa a pral gen lavi.
John 9:5Toutotan mwen la sou latè, mwen se limyè k'ap klere tout moun ki sou latè.
Acts 13:47Men lòd Bondye te ban nou: Mwen mete ou pou sèvi yon limyè pou lòt nasyon yo, pou ou kapab ale toupatou sou latè, moutre ki jan tout moun ka jwenn delivrans.