Ephesians 5:17
Se poutèt sa, pran tèt nou byen, chache konnen sa Seyè a vle nou fè.
Bib La
In The King James Version
Wherefore be ye not unwise, but understanding what the will of the Lord is.
In Context
16Pa kite okenn okazyon pase pou fè sa ki byen. Paske, jou sa yo n'ap viv la a pa bon menm.
18Pa soule tèt nou ak diven, sa ka mennen nou nan debòch. Okontrè, plen kè nou ak Sentespri.
Cross References
1 Kings 3:9Tanpri, ban mwen lespri veyatif pou m' ka gouvènen pèp ou a san patipri, pou m' konn sa ki byen ak sa ki mal. Si se pa sa, ki jan m'a fè pou m' gouvènen pèp ou a ak tout moun sa yo ki ladan l'?
Psalms 111:10Lè ou gen krentif pou Bondye, se lè sa a ou konmanse gen bon konprann! Bondye ap bay moun ki gen krentif pou li bon jijman. Wi, se tout tan pou yo fè lwanj li.
Proverbs 2:5Si ou fè tou sa, w'a konnen sa ki rele gen krentif pou Bondye. W'a resi konnen ki moun Bondye ye.
Proverbs 23:23Verite, konesans, lespri ak bon konprann, se bagay ou mèt peye chè pou ou genyen. Men, pa janm vann sa.
John 7:17Si yon moun deside fè sa Bondye vle, la konnen si bagay m'ap moutre yo soti nan Bondye osinon si se pawòl pa m' m'ap pale.
Ephesians 5:15Se sa ki fè, konnen ki jan pou n' mennen tèt nou! Pa mennen tèt nou tankou moun ki sòt, men tankou moun ki gen konprann.