Ephesians 5:18
Pa soule tèt nou ak diven, sa ka mennen nou nan debòch. Okontrè, plen kè nou ak Sentespri.
Bib La
In The King James Version
And be not drunk with wine, wherein is excess; but be filled with the Spirit;
In Context
17Se poutèt sa, pran tèt nou byen, chache konnen sa Seyè a vle nou fè.
Cross References
Genesis 9:21Yon jou, apre li te fin bwè diven, li sou. Li wete tout rad sou li, li kouche toutouni anba tant li.
Deuteronomy 21:20Epi y'a di yo: Men pitit gason nou an. Nou mennen l' ban nou paske li radi, l'ap fè wondonmon, li pa vle koute lè n'ap pale avè l'. L'ap gaspiye tout lajan nou nan bweson, li nan tout kalite vis.
Psalms 69:12(069:13) Yo chita bò pòtay lavil la, y'ap pale sou mwen, bwèsonyè yo ap fè chante sou mwen.
Proverbs 23:20Pa fè zanmi avèk moun k'ap bwè twòp, ak moun k'ap fè safte.
Song of Solomon 1:4Pran m' avè ou non! Ann kouri ale! Se ou menm ki wa mwen. Mennen m' nan chanm ou. Depi ou la, se pa ti kontan n'ap kontan. N'ap chante karès ou ki pi dous pase siwo myèl. Jenn fi yo gen rezon renmen ou konsa!
Isaiah 5:11Madichon pou moun k'ap leve granmaten pou yo ale chache gwòg pou yo bwè, pou moun k'ap rete byen ta lannwit pou bwè diven jouk yo sou!