Ephesians 5:3
Paske nou se pèp Bondye a, sa pa bon pou nou menm louvri bouch nou pale sou dezòd lachè, sou bagay ki sal ak vye dezi.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 18:21Men, w'a chwazi nan mitan pèp la kèk moun ki kapab, moun ki gen krentif pou Bondye. Fòk se moun ou ka konte sou yo, moun ki p'ap kite lajan pran nanm yo. W'a mete yo chèf pou dirije pèp la, chèf sou mil moun, chèf sou san moun, chèf sou senkant moun ak chèf sou dis moun.
Exodus 23:13Se pou nou swiv tou sa mwen sot di nou la a. Pa lapriyè lòt bondye, piga mwen tande non yo soti nan bouch nou.
Numbers 25:1Pèp Izrayèl la vin moute tant yo nan Fon Zakasya yo. Lè sa a, mesye yo konmanse lage kò yo nan vagabondaj ak fanm peyi Moab yo.
Joshua 7:21Nan bagay nou te pran apre batay la, mwen te wè yon bèl manto ki te soti lavil Babilòn, desan (0200) pyès an ajan ki te peze wit liv antou, ak yon gwo moso lò ki te peze de liv. Mwen te sitèlman anvi yo, mwen pran yo. Mwen fouye yon twou nan mitan tant kote m' rete a, mwen antere yo ladan l', avèk pyès ajan yo anba nèt.
Psalms 10:3Mechan an ap vante tèt li pou move lanvi li gen nan kè l'. Lanbisyon fè l' pale mal, li vire do bay Bondye.
Proverbs 28:16Lè yon chèf pa gen konprann, l'ap peze moun, l'ap fè mechanste. Men, moun ki pa vle wè moun k'ap vòlò ap gouvènen lontan.