Ephesians 6:18
Pandan n'ap fè tou sa, pa janm bliye lapriyè. Mande Bondye konkou li. Lapriyè nan tout sikonstans avèk pouvwa Sentespri a. Se poutèt sa, pa kite dòmi pran nou, kenbe fèm nan sa n'ap fè a. Lapriyè pou tout pèp Bondye a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Samuel 1:12Pandan tout tan Ana t'ap lapriyè konsa devan Seyè a, Eli t'ap gade bouch li.
1 Kings 8:54Pandan Salomon t'ap fè lapriyè sa a nan pye Bondye, li te ajenou devan lotèl la, de bra leve anlè. Lè li fini, li leve.
1 Kings 9:3Seyè a di l' konsa: -Mwen tande lapriyè ou la. Mwen mete tanp ou bati a apa pou sèvis mwen. Se la pou moun adore m' tout tan. M'ap voye je sou li, m'ap toujou pwoteje l'.
Job 27:10Li pa t' janm pran plezi l' nan fè volonte Bondye. Li pa t' lapriyè Bondye tout tan.
Psalms 6:9(06:10) Li tande m' lè m'ap rele nan pye li. Li reponn mwen lè m'ap lapriyè li.
Daniel 6:10Lè Danyèl vin konnen wa a te siyen lòd sa a, li al lakay li. Te gen yon chanm anwo sou teras la ak yon fennèt ki bay nan direksyon lavil Jerizalèm. Li moute, li mete ajenou devan fennèt la ki te louvri, li lapriyè Bondye l' jan li te toujou fè, twa fwa pa jou a.