The Bible Software
bible.software › Ephesians › Ephesians 6 › Ephesians 6:19

Ephesians 6:19

Lapriyè pou mwen tou, pou Bondye ka mete pawòl nan bouch mwen lè m'a gen pou m' pale, pou m' ka pale avèk lasirans, pou moun ka rive konnen sekrè ki nan bon nouvèl la.

Bib La

In The King James Version

And for me, that utterance may be given unto me, that I may open my mouth boldly, to make known the mystery of the gospel,

In Context

18Pandan n'ap fè tou sa, pa janm bliye lapriyè. Mande Bondye konkou li. Lapriyè nan tout sikonstans avèk pouvwa Sentespri a. Se poutèt sa, pa kite dòmi pran nou, kenbe fèm nan sa n'ap fè a. Lapriyè pou tout pèp Bondye a.

20Nou mèt wè m' nan prizon koulye a, se Bondye ki ban m' misyon fè konnen bon nouvèl la. Lapriyè pou mwen pou m' ka pale avèk lasirans, jan m' dwe fè l' la.

Read all of Ephesians 6

Cross References

Acts 4:13Manm Gran Konsèy yo te sezi anpil lè yo wè ki jan Pyè ak Jan te gen konviksyon nan sa yo t'ap di, paske yo te vin konnen mesye sa yo se moun ki soti nan mas pèp la, ki pa t' resevwa okenn enstriksyon. Chèf yo te rekonèt yo tou pou moun ki te toujou avèk Jezi.

Acts 4:31Lè yo fin lapriyè, kote yo te ye a pran tranble. Yo tout te anba pouvwa Sentespri, epi yo pran anonse pawòl Bondye a avèk konviksyon.

Acts 9:29Li t'ap pale avèk jwif ki pale lang grèk la, li t'ap diskite avèk yo. Men, yo menm yo t'ap chache touye li.

Acts 14:3Pòl ak Banabas rete nan lavil la lontan ankò, yo t'ap fè konnen favè Bondye a avèk anpil konviksyon, paske yo te gen konfyans nan Seyè a. Seyè a menm te bay disip yo pouvwa fè anpil bèl bagay ak anpil mirak pou l' te moutre sa yo t'ap di a te vre.

Acts 19:8Pòl ale nan sinagòg la. Pandan twa mwa li t'ap pale la avèk gwo konviksyon. Li t'ap fè yo konnen tout bagay sou Gouvènman Bondye ki wa a, li t'ap chache pran tèt moun ki t'ap koute l' yo.

Romans 15:30Men sa m' mande nou, frè m' yo: nan non Jezikri, Seyè nou an, nan non renmen Lespri a ban nou, tanpri, pa lage m' nan batay la pou kont mwen, lapriyè Bondye pou mwen.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)聖書 (日本語)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBiblia TakatifuBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)

Study Ephesians 6:19

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeAlbert BarnesJohn WesleyJohn CalvinScofieldWilliam BurkittFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)Robertson's Word Pictures
← Ephesians 6:18Ephesians 6Ephesians 6:20 →